« Popilasyon an livre nan bouch lanmò. Kadav moun nan tout lari kote chen ap manje yo, moun ap kouri kou chen fou nan pwòp peyi yo akòz zak banditis. Anplis, lòt menas k ap vin jwenn yo sou koze ensekirite» se sa òganizasyon sosyete sivil ak relijye OCHAN-Haiti ekri sou rekòmandasyon li fè avèk manm Konsèy la.
Òganizasyon sa te viktim tou zak ensekirite jeneralize a nan dat 29 me 2023 la. Sa ki pou wè avèk kèk patizan kowonpi aprè yo te fin pran lajan yo nan Kès Asistans Sosyal (CAS).
Jounen jodi a, anpil nan nou oblije nan kache pou evite asasinay nou, anplis zak pèsekisyon n ap sibi, selon sa responsab yo revele Pandan yo fè konnen malgre sa yo pa deside rete nan silans yo parapò ak sa k ap pase nan peyi a nan moman an.
« Nou mande avèk tout lòt òganizasyon pou defann dwa moun yo ak akeyi moun sa yo, sitou sila yo k ap kouri kite kay yo ki piye epi boule akòz gang ak zam. Pou evite plis moun frape anba grangou, gentan gen 5.3 milyon moun k ap fè fas avèk grangou, kote enflasyon an ogmante nan 44%. Anplis, lekòl, legliz epi lopital ki gentan piye ak boule nan kriz sa.», ajoute OCHAN-Haiti sou sitiyasyon malouk peyi a.
Pou fini, yo tou pwofite denonse gouvènman ameriken an pou depòtasyon 74 Ayisyen li sot fè nan dat 18 avril 2024 la. Daprè estrikti a, pou sekirite lavi Ayisyen yo, Etazini ki konsidere kòm frè ak zanmi nou, ta dwe akeyi konpatriyòt nou yo akòz eta ijans ki sou Ayiti a.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024
OCHAN-Haiti mande Konsèy la panse avèk kriz ensekirite alimantè peyi a
Nan yon nòt òganizasyon OCHAN-HAITI pibliye samdi 4 me 2024 la, yo fè konnen peyi a ap konnen yon kriz depase, kote dirijan ki sot pase yo pa t kapab chanje sa. Pou kounya, li swete pou 9 manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, sitou prezidan konsèy la pou li panche sou sitiyasyon ensekirite alimantè nan peyi a.